Back to top

Òdonans medikal pou tretman ki rann lavi posib nan leta Massachusetts

Òdonans medikal pou tretman ki rann lavi posib nan leta Massachusetts (Medical Orders for Life-Sustaining Treatment - MOLST) se enstriksyon alekri konsènan kèk tretman medikal yo ka itilize pou eseye kenbe yon moun anvi.  Yo ka ekri òdonans MOLST yo pou malad ki ka pèdi lavi yo nan espas yon ane akoz yon maladi grav ki nan faz avanse. Se yon medsen klinisyen (doktè, enfimyè pratisyèn, oswa asistan doktè) ki ekri òdonans yo sou yon fòm MOLST ki gen koulè woz vif, epi malad la volontèman siyen fòm nan ansanm avèk doktè a, enfimyè pratisyèn nan oswa asistan doktè a.  Fòm MOLST lan fè lòt pwofesyonèl medikal yo konnen ki sa yo dwe fè oswa ki sa yo pa dwe fè pou eseye kenbe moun nan anvi, daprè tretman malad la vle oswa sa li pa vle. 

Sa a se yon tradiksyon fòm MOLST leta Massachusetts la nan lang kreyòl ayisyen.  Yo itilize fòm ki tradui a pou ede yon malad ansanm ak manm fanmi l pou yo ka konprann sa ki nan fòm MOLST la lè y ap pran desizyon konsènan tretman ki enkli nan fòm nan.  Yo pa dwe siyen fòm ki tradui a.  Se fòm MOLST ki ann anglè a ki dwe gen siyati sou li konsa pwofesyonèl swen medikal la ka konprann epi suiv òdonans yo.   

Patient and Family MOLST brochure in Haitian Creole

Frequently Asked Questions about MOLST in Haitian Creole - Repons pou kesyon moun poze souvan pou malad, fanmi ak moun k ap bay swen         

Sample MOLST form in Haitian Creole